Matulnes Speaks: Before jailed by Martelly-Lamothe Haiti dictatorship (Kreyol transcription)

Fòk Devlopman Ilavach la konsidere moun dabò -Haiti development must take the people into account first. This post is the companion audio transcription piece to Haiti: Denounce Venezuela 27 million in Ile a Vache colonial project. Listen to Jean Matulnes/Jan Matilnès speak before he was jailed by the Martelly-Lamothe government. Kreyòl transcription for HLLN of the 4 je kontre interview is done by Franns Lwi, HLLN (Check back frequently for updates. Here’s the English translation of the Jean Lamy Matulnes 4 Je Kontre- February 26, 2014 interview from Dady Chery and Video English/Kreyòl translations from Hugues Girard.)

“Nou Mande Pou Tout Moun Leve Kanpe, Pou Yo Egzije Liberasyon San-kondisyon “Jan Lami Matilnes.” -Matilnès Se Pitit-Nasyon-an, K’ap Goumen Pou Sa Ki Bon. -Li Se Frè m, -Li Se Frè w. -Si W Pa Kanpe Pou Li Jodi-a, -Demen Lè Y’anprizone w San Rezon Jan Y’anprizone Matilnès la, -Pèsonn P’ap Ka Kanpe Pou Ou! Donk Se Devwa w, Pou Reklame Liberasyon l-“Manjèd Ze Pa Konn Doulè Manman-Poul.” -Nou Pa Dwe Kite Okenn Vòlèd-Ze-Kowonpi-Peyi, Ap Plede Anprizone Pitit-Nasyon-an, Pou Satisfè Tout Vye-Anvi Ak Vye-Dezi-Pèvèti Patwon-Kolon-Etranje!” –Franns Lwi, HLLN

Ile a Vache, Haiti
Ile a Vache, Haiti

Fòk Devlopman Ilavach la konsidere moun dabò

Kreyòl Transcription
Travay Franns Lwi, HLLN-16 Mas 2014
4 Je Kontre – 10 Mas 2014

Lè w tande vwa ak fòs msye Jean Lamy Maltunes/Jan Matilnès, ou wè pou ki sa yo pran l, flanke l lan prizon Penitansye Nasyonal.

Ezili Danto’s Note:
The 4 je kontre interview is important. It was done before Jean Lamy Maltunes was silenced with imprisonment. Before, the mainstream began their whitewash reporting on the matter and the imperial divide and conquer game began in order to destroy the Ile a Vache’s population’s objection to having their lands confiscated, island taken as a tourist zone.

(Check back frequently for updates. Here’s the English translation of the Jean Lamy Matulnes 4 Je Kontre- February 26, 2014 interview from Dady Chery and Video English/Kreyòl translations from Hugues Girard.)

***
March 19, 2014 Update from 4 Je Kontre

http://www.ezilidanto.com/zili/wp-content/uploads/2011/01/player.swf

http://www.ezilidanto.com/zili/wp-content/uploads/2011/01/player.swf
4 Je Kontre – 10 Mas 2014
– broadcast
Lage Jean Lamy Matulnes – speaks before his arrest on February 26, 2014.
The interview was broadcast March 10, 2014 with Louis Jean Gardi, and Jean Lamy Matulnes, Konbit-Peyizan-Îlavach (KOPI) (See, also March 19, 2014 update from 4 Je Kontre.)

Kreyòl Transcription
Travay Franns Lwi, HLLN-16 Mas 2014
4 Je Kontre – 10 Mas 2014 –

ANIMATÈ FANM K’AP PALE:

“Yon gwo bonjou pou noutout. Bonswa tou, sa depan de lè wap koute emisyon sa a. 4 je kontre se emisyon SAKS nan tèt kole ak ICKL, ITEKA, PAJ. Nou reflechi sou sa kap pase nan aktyalite nan lavi peyi a. Nou diskite yo ansanm avèk envite nou, epi nou gade tou, ansanm, ki wout pou nou kapab pran, pou nou soti nan sitiyasyon peyi a, ki s’on sitiyasyon, difisil, chak jou kap pase. Nap tounen talè.”

“4 Je Kontre se yon emisyon ki soti chak semèn, sou radyo sa a, oubyen sou entènèt, sou www.SAKS.podbean.com Nan emisyon sa a, nou diskite ansanm avèk envite nou, sou reyalite lavi peyi a, sou sa kap pase, swa nan lavi nasyonal-la, oubyen tou, sa kap pase, nan on zòn nan peyi a, pwoblèm yo difikilte yo, e konsekans yo tou sou lavi, popilasyon ki ap sibi yon seri de desizyon, responsab nan leta yo yomenm yo pran. Donk nan emisyon sa a, non Sèlman nou gade kesyon yo, nou analize yo, nou gade tou, ki pi bon mwayen, solisyon yo te kapab pran on lòt jan, pou chanje figi peyi a, pou chanje reyalite lavi moun yo.

Jodi an, nou prale Îlavach, Îlavach nou konnen, se yon zòn ki fè pale anpil de li, depi nou kapab di, mitan lane 2013 la pou rive Jodi an, avèk pwojè destinasyon-touristik, nou kapab di, youn nan pwojè gouvènman Mateli-Lamòt-la, limenm li fè pale anpil de li. Minis touris lan, li tèlman pale de pwojè sa a, w’a di, “se nan kanpay li ye”. Pou li kapab fè pwomosyon pwojè sa a, si w al nan laprès ann-Ayiti, oubyen, nan laprès nan peyi etranje, gen de gwo jounal nan peyi Lafrans, tankou RFI, ki voye de moun vin fè de gwo repòtaj sou dosye sa a, tèlman s’on dosye ki pale-anpil.

Men na-pe raple ke Îlavach se yon ti zile ki mezire sèlman 45kilomèt kare, donk s’on ti bagay, on pla men. E li genyen ladan li 14,000 abitan daprè dènye resansman lane 2009 yo. Donk pwojè sa a li genyen ladan li, pou yo ta konstwi wout, ayewopò, alòske gen yon ayewopò deja nan Vil-Okay, e genyen de demach kap fèt pou ayewopò sa a limenm, li ta tounen yon ayewopò-entènasyonal. E, ayewopò a li ta sipoze mezire 2.6 kilomèt. Yo ta dwe tou konstwi wout, e fè elektrifikasyon, avèk ekleraj nan zanviwon an, yo ta dwe konstwi plizyè otèl, yo prevwa tou, konstwi 2,500 vila, yon sant-kominotè, yon radyo-kominotè, avèk yon sant-ijans, epui, yon, bon, yo rele li enfrastrikti-agrikòl, men sanble se ta yon gwo pwojè-agrikòl kote yo tap pran plizyè kilomèt-kare pou yo ta kapab fè li.

Donk se sa ki nan nannan pwojè destinasyon touristik Îlavach-la, pou yo ta fè Îlavach, daprè Premye Minis Loran Lamòt ki di, limenm, li tap fè Îlavach tounen yon bèl-kote, pou moun ale gade, pou touris nan peyi a. Donk se youn nan pi bèl pwojè daprè Premye Minis lan pou peyi a, avèk pou karayib-la. Dosye sa a, nou raple ke li fè pale anpil de li, genyen de moun ki swa nan mawon jounen Jodi an, akoz mobilizasyon KOnbit-Peyizan-Îlavach, (KOPI) yomenm yo tap fè, kont pwojè sa a. Se pa pou di yo pa vle pwojè a, men, paske pwojè a limenm, li pa pran kont moun kap viv nan zòn nan. Donk yo kritike fason gouvènman an limenm, li ap Mennen pwojè a. Yo denonse, lefèt ke genyen pyebwa ke yo oblije rache, paske se yon ti-zile ki bwaze anpil, Îlavach te ye, donk gen anpil kote, pou yo fè wout-la, pou yo te kòmanse-trase wout la, yo te ratibwaze yon pakèt pyebwa, pye kokoye, Îlavach gen anpil pye kokoye, pye mango tou, paske se youn nan bagay ki soti anpil pou ale nan Vil-Okay se mango ak kokoye ki soti Îlavach, yo rache anpil nan pyebwa say o. Epi gen yon zòn tou, ki gen yon gwo Rak-ladanl, kote Rak sa a te konn pwoteje moun kap viv sou zile a, kont lè gen gwo van, lè van yo ap soti nan zòn-Ès Îlavach. Donk Rak-sa a tou, yo prevwa ratibwazel pou y’al konstwi bèl-otèl, pou al konstwi restoran, avèk lòt bagay ki genyen anndan pwojè a. Donk moun Îlavach yomenm yo di, “Non yo pa vle yon pwojè konsa, yo vle yon pwojè tou, ki chita sou moun, e ki diskite avèk popilasyon-Îlavach-la, nan enterè-Îlavach.”

Stop the land grab at Ile a Vache
Stop the land grab at Ile a Vache

E nan kad mobilizasyon sa yo ki ap fèt depi nan fen lane 2013-la, -kòmansman lane 2014-la, plizyè manifestasyon fèt, yo kouri dèyè anpil ofisyèl nan gouvènman an ki yomenm te rann yo nan Îlavach, aprè popilasyon an te mande-chita-pale-avè-yo, lè popilasyon an te wè pwojè a, pa pran ankont yo menm, paske selon jan yo divize pwojè a, -yo tap pran yon tyè (1/3) nan zile a, pou yo konstwi otèl, gen yon lòt tyè (1/3) yo tap pran pou yo fè restoran, kazino avèk lòt bagay ki prevwa nan pwojè a, epi dènye-pati a, e ladanl yo te prevwa fè fèm agrikòl-la. Alòske, genyen 14,000 moun kap viv sou zile a. Donk, Kòman yo pral entegre moun sa yo nan pwojè a? Se kesyon sa a popilasyon-Îlavach-la t’ap poze. E se kesyon sa a tou ki fè, a chak fwa genyen rankont ant otorite yo avèk pwotestatè yo, yo pakab janm jwenn yon antant paske, gouvènman an limenm, li chita sou yon pozisyon pwenn-fè-pa, e popilasyon an, limenm, li mande pou yo rekonsidere pwojè a, pou yo rekòmanse gade popilasyon-an-limenm, paske, se ta dwe premye pati, kòm poto-mitan yon pwojè, se ta dwe premye-moun yo ta dwe diskite avè yo, sou sa yo bezwen, sou sa yo wè. Yo ta dwe gade bezwen yo, yo ta dwe gade tou, jan yo te konn abitye viv deja, sa yo rele, mès, koutim, Pratik popilasyon-an anvan pou yo ta f’on pwojè konsa, paske pwojè sa a li prevwa chanje-nèt kondisyon-lavi-yo si l ta aplike, jan li ye a-la a. Donk, gen plizyè bagay moun sa yo, yomenm, yo mande nan pwotestasyon yo.

Youn nan tèt pwotestasyon-sa a, se youn nan moun tou ki nan tèt Konbit-Peyizan-Îlavach, (KOPI). Se Jan Matilnès Lami, ki s’on jenn polisye, li se moun Îlavach. Limenm, li tap mobilize anpil, pran lapawòl nan non popilasyon-an, e pran lapawòl tou avèk popilasyon-an, pou denonse pwojè sa a, paske gen anpil moun y’ap mete deyò, yo prevwa “relokalize,” jan gouvènman-an di l la, “yon seri de moun” ki gen yon pakèt-abitid, on seri kote, lakay-yo, bon, nan lakou-lakay-yo. E, nou konnen kòman sa ye, kòman Ayisyen [ye], lè yon moun nan gen abitid, moun nan gen plis ke senkantan (50-an) lap viv on jan nan yon kominote, epi, pou rete konsa on bon maten, bridsoukou, yo mande l, pou l deplase, pou l al viv on kote swa n’on site, oubyen nan yon seri de ti kay ki konstwi, ki pa gen anyen pou wè ak jan limenm, li te konn abitye viv. Donk sitiyasyon sa yo fè ke, Matilnès se youn nan premye viktim gouvènman-Mateli a, paske li te oze-denonse pwojè a bò kote moun Îlavach yo, pou kounye a, li nan prizon. Yo te rele l, kòmkwa, Dereksyon-Jeneral-Lapolis-la gen kesyon pou poze l, epi yo tou mete-lapat sou-li, san yo pa pase l devan Jij, yo transfere l nan Penitansye-Nasyonal. Donk s’on dosye n’ap gen pou n swiv de prè, e pa-rapò avèk arestasyon yo fè sou Matilnès.

Aprè arestasyon Matilnès, genyen de (2) lòt moun kite nan tèt mobilizasyon an ki yomenm, yo oblije pran rak pou yo. Donk pou kounye a genyen moun, yo pa konn kote yo ye, genyen tou ki pale, men ki pa vle di moun kote yo ye, epi gen anpil represyon ke Lapolis yomenm, y’ap fè sou popilasyon Îlavach-la pou ta eseye mete baboukèt nan bouch-yo pou yo pa kontinye denonse, pou yo pa kontinye reklame dwa yo, nan kad pwojè sa a ki ap vin fèt lakay-yo, nan peyi-yo san ke yomenm, yo pa konnen anyen ladan li.

Donk, Jodi a, emisyon Jodi a s’on entèvyou ki te fèt anvan yo te arete Matilnès, pase l, se youn nan envite emisyon sa a, li te ansanm avèk tou, Lwi Jan Gadi, ki s’on lòt manm (KOPI) Konbit-Peyizan-Îlavach, ki yomenm t’ap explike pwojè a, t’ap explike rezon ki fè yo ap denonse pwojè a, e ki bay tou de (2) lide sou, [Si pwojè sa a ta dwe aplike Îlavach, genyen de bagay ke gouvènman-an, limenm, li ta dwe (Re-konsidere) nan tèt-kole ansanm avèk popilasyon ki ap viv Îlavach-la.]

Matilnès avèk Jan-Gadi te reponn kesyon Soni Esteyis. –N’ap koute yo.”

S E –Depi kèk jou la a, Îlavach, mta kapab di “chofe” fwa sa a, popilasyon-an pran lari, lè yo wè kounye a sanble, tout-bon-nan-won, pwojè yo ap demare, epi ayewopò sanble ap fèt, paske premye emisyon yo, ayewopò-a pot ko kòmanse, sanble kounye-a, dosye-yo, ap avanse, -gen anpil ale-vini kap fèt, nan Îlavach, enkyetid-la vin ogmante. E depi kèk jou la a, popilasyon Îlavach-la, nou ta kapab di “Nan lari” ap manifeste, pou denonse pwojè-yo. E dènye enfòmasyon nou te jwenn nan fen semèn-pase-a, sanble yo te menm pati-dèyè, on seri otorite, ki soti nan Pòtoprens, Majistra Vil-la, ajan-egzekitif-enterimè-a, e-avèk lòt notab nan Îlavach ki sanble te ale nan yon zòn nan zile-a, swa poute al prezante pwojè, oubyen poute al pala moun yo. Sanble yo te kouri dèyè moun sa yo avèk wòch. Donk, se pou nou kapab eklèsi sitiyasyon sa a, Jodi a n’ap rankontre avèk 2 reprezantan (KOPI) ki se Konbit-Peyizan-Îlavach, ki se yon platfòm-òganizasyon ki reyini divès-òganizasyon sou zile-a. N’ap rankontre avèk, Lwi Jan-Gadi, e, Jan Lami-Matilnès, ki se de (2) jèn kap viv nan Îlavach, ki yomenm enskri yo nan mouvman, pou, nou kapab di “denonse pwojè sa yo kap vin fèt” petèt mpa konn si se fason y’ap vin fèt la [?], oubyen si se vle yo pa vle pwojè menm nan zile-a. Yo pral di nou.

Ile a Vache demonstrate against corporate land grab as tourism jobs for locals
Ile a Vache demonstrate against corporate land grab as tourism jobs for locals

S EMesye kouman nou ye? Lwi Jan?

L JG -M’ap salye tout moun Îlavach, m’ap salye tout manm (KOPI) k’ap koute emisyon-an la a.

L JM –Wi mwen ap salye tout moun, mwen se Lami Jan Matilnès, m’ap salye tout moun Îlavach, tout moun ki branche emisyon sa a Jodi-a

S E –Bon, mesye pou n kòmanse, Ki sa kap pase Îlavach jounen Jodi-a la a, pandan n’ap pale a?

L JM –Nou kapab di jounen Jodi-a la a, se dènye moman ki rive pou popilasyon Îlavach-lan wè klè, pa-rapò avèk plizyè enfòmasyon ki t’ap sikile otou de yon devlopman touristik ke gouvèneman-an li genyen. E Jodi-a popilasyon-an rann li kont ke, pa-rapò avèk yon seri de pwojè ki kòmanse egzekite sou zile-a. Popilasyon-an kòmanse rann li kont ke, li pat enplike o-depa, e Jodi-a, bagay yo kòmanse, pwojè yo kòmanse egzekite avèk anpil abi.

S E -Lwi Jan-Gadi, Èske nou wè dokiman pwojè-yo? Ki sa ki nan pwojè sa yo menm?

L JG -Bon, pwojè a sèke , selon sa m wè sou [sit] Ministè-Touris-lan, li ta fè kwè ke yo gen pwojè pou yo ta konstwi 1,000 chanm-otèl avèk 2,500 vila, avèk espas-agrikòl, avèk enfrastrikti-agrikòl, men konprenan ke Îlavach g’on sipèfisi 4,000 kilomèt-kare. Èske yon pwojè konsa ka fèt Îlavach sou 4,000 kilomèt-kare? E kote popilasyon-an pral rete limenm?

Se tout enkyetid-sa a ki plane sou tèt-popilasyon-an. Se sak’ fè popilasyon-an, limenm, li pa dakò, a pwojè sa a, paske yon popilasyon k’ap viv-la depi kèlke, bon, plis k’on syèk. Epi kounye a la, pou w’on pwojè vini, pou voye tout moun jete konsan, epi, san pran an konsiderasyon dezideratay. Alò vwala, se sa ki pouse abitan yo a pwoteste kont pwojè-a

S E -E, ou pale de 4,000 kilomèt-kare, -sou 27,500 peyi-a, se anpil wi 4,000 lan. Ou si se chif-la?

L JG –Sipèfisi, se sa yo ban mwen, 4,000. Se mèt-kare se sa mwen t’ap di. 4,000 mèt-kare, se sa m tap di, -mèt-kare.

S E –Jan Matilnès, ki sak’ pase? Otèl? Vila? Enfrastrikti-agrikòl? Men, se devlopman sa? Non?

Msipoze nou te konn ap mande devlopman pou zile-a?

L JM – Wi, s’on rèv pou nou, non sèlman yon rèv, men, ki t’ap byen bon, si l ta reyisi pou n ta wè Îlavach fè pati yon destinasyon touristik a travè lemond, oubyen pi bèl destinasyon touristik ta kapab genyen nan Karayib-lan.

S E –Pou le moman yo di “se senkannsetyèm plaj, pa-egzanp Abakabe, se senkannsetyèm pi bèl plaj ki genyen nan mond-lan?”

L JM –Mpanse wi, se sa ke yo di, yon bò ki fè fyète nou, men, ki sa sa t’ap itil, pou yon tòchon, oubyen yon chodyè, ki fin fè manje, aprè sa, pou yo mete-li atè, epi yo pran manje a y’ale avèk li? Ki sa m vle di pa-la? Jodi a, tout zye ki brake sou Îlavach Jodi an, li soti a pati yon vèdi, Îlavach, limenm posede Jodi-an, li g’on sistèm anvironmantal ki vrèman bèl. Mesye Soni, ou te Îlavach, ou wè nou g’on kouvèti-vegetal, plizoumwen akseptab. Ebyen Jodi-an, on seri moun, ki pa konn ki kote yo soti. Yo di “y’ap fè devlopman.” Men, yo pa janm poze tèt-yo kesyon, pil-bwa sa yo ki plante sou Îlavach, eske se konsa, Îl-la te fèt avèk yo? Avan menm, nou ta kapab rantre pi lwen, nou ta kapad di “Îlavach” e, si nou t’ap f’on ti-istorisite vèdi Îlavach-lan , nou ta kappa di “Îlavach s’on zile kit e kòmanse gen moun k’ap vin sou li a-pati de 1930. -1930, Lè sa a, moun soti nan diferant zòn sou grand-tè-an. Yo soti Sen–Lwi, yo soti Sen-Jan, yo soti Tòbèk, e latriye. Pou yo vini a ki objektif? Genyen ki vini nan objektif, pou yo travay tè, paske tè-a te vid lè sa a, gen yen ki vini pou yo fè lapèch. Ki di donk, otrefwa, lòsk’on moun mouri Îlavach, yo pat antere l Îlavach. Yo te toujou al’avèk li swa Sen-Jan-di-Sid, swa Sen-Lwi, kote moun nan soti an. Ebyen se pral nan ane 1930 yo kòmsa, mesye Dejwa pral rantre Îlavach, Senatè Lwi Dejwa ki pral, vini avèk yon kesyon 800 kawo-tè, limenm, li pral posede. Li pral nan leta, li te fèmye-leta epòk sa a. Epi kouny’a la a, misye te kòmanse plante sitwonèl, li te gen sitwon, avèk lòt pwodui-agrikòl ankò li te genyen, -pitimi, mayi li te gen sou zile-a. E lè sa a, moun te kòmanse ap vini sou zile-a anpil. Kounye’a la a, Dejwa te konn ap peye yo. Non sèlman peye pou plante bagay yo, men, anplis, gen lòt ti-avantaj yo te konn jwenn ankò.

Ile a Vache population as gov rescind May 2013 decree to confiscate their property
Ile a Vache population as gov rescind May 2013 decree to confiscate their property

Ebyen, ou pral jwenn ke jiskisi, moun yo pa sèten, paske yo di konsa “Tè-a, se tè Dejwa l ye, se pa tè yo l ye.” Se pou nou te tann jiskan-ane 1940, lè pè wobè Magwon Jodi-an ki vin rantre Îlavach, ki te fè premye Sant-Vil Îlavach, a Lahat, Jodi-an ki g’on ti non gran-kay. Se la premye Legliz-Katolik-Îlavach te ye. Jodi a, Pè Wobè Magwon pral kòmanse avèk mouvman, e moun pral kòmanse kounye a, vin rive Îlavach, e Îlavach pral vin vrèman yon seksyon kominal nan Vil-Okay.

S E –Moun pral vin abite efektivman Îlavach?

L JM –Moun kòmanse ap vin abite Îlavach a pati peryòd sa a. Efektivman moun kòmanse ap vin abite. Premye enstitisyon, se t’on legliz-katolik, on chapèl. Ebyen ou pral jwenn, an 1957, avk Franswa Divalye, Jodi-an la a ki pral vini, pral g’on pwoblèm ant limenm avèk Dejwa. -Dejwa limenm pral vin pap kapab reziste, Dejwa pral vin sede plas-li. Ebyen, Franswa Divalye ki te g’on gouvèneman bout-di, yon pouvwa diktatè, ki pral pèmèt, a popilasyon Îlavach-la, li ba yo 800 kawo-tè Dejwa te genyen, limenm, li pral pran 400 kawo ladan l kote li pral bay popilasyon-an ke li fè-don, kòm don riral, pa egzanp mwenmenm k’ap pal’avè w la a Jan Gadi Lwi, papa nou gen tè don-riral nan men yo. Aprè sa, rete 400 kawo. Lòt 400 kawok’ rete-a, gen moun ki okipe yo. E,se pa 800 kawo-tè sèlman Îlavach genyen. Te g’on lòt pil-espas toujou. Ebyen moun te kontinye okipe yo. Ebyen w pral wè, menm gouvènman sa a ankò, bay moun sa yo dwa fèmaj. Yo pral gen dwa fèmaj. Kouny’a la a, Îlavach vin gen 3-kategori tè. Yon kategori tè ki se don riral, yon kategori ki se fèmaj, gen lòt moun ki gen lòt ti-lizyè-tè nan men yo toujou ki kontinye ap kiltive. Ki di donk pa-la, ou pral jwenn, se a pati de la, popilasyon Îlavach-la, pral gen, an tout kyetid pou yo plante. Yo vin santi yo pwopriyetè. Kounye a w wè Îlavach gen anpil kokoye, anpil mango? Ebyen se te prèske 2 kotek’ te gen kokoye nan Îlavach. Se te “kay-kòk,” epi, nan on zòn ki rele “twou-dlo.” Se zòn sa yo ki te gen kokoye. Ebyen, se a pati de la, pa egzanp la a, m’ap pale pou moun ki konn Lahat, l’on moun kanpe nan gran-kay, kote m’ap pale w, premye legliz-katolik-la te ye a, ou ka gade, a lepòk ou ka gade moun k’ap peche jiskanba k’ap peche. Sa vle di “pat gen pye-bwa, se te yon Îl, men, ki pat bwaze.” Ebyen se a pati de ane sa yo, kote popilasyon-an vin gen dwa fèmaj, yo vin gen don-riral, yo [vin] pwopriyetè. Yo kòmanse ap plante, e yo soti tout-kote avèk plant sa yo, Sen-Jan disid. Se youn nan rezon Jodi a lè w debake Sen-Jan di-Sid ou wè li gen menm kilti avèk Îlavach. Ou konprann? Sa vle di, majorite popilasyon-Îlavach-la, se Sen-Jan di-Sid yo sòti, pa rapò avèk Wobè Magwon ki te yon prèt Sen-Jan di-Sid. Dakò. Ki di donk pou nou rive la a, Jodi-an la, pou nou montre w, dekorasyon ki fèt lan, ki pèmèt Îlavach vin nan je mond-lan kounye a la a, se ti peyizan sa yo ki fè l, se peyizan yok’ konstwi Îlavach.

L JG –Se peyizan yok’ konstwi lavach. Paske tè-a te la deja, vid.

S E –Men yo toujou di “Tout zile-yo se tè-leta?”

L JG – Tou zile-yo se tè-leta, men Matilnès di sa deja la a. Li di “ Leta menm te fè don etc.” Papa m genyen, papa l genyen, paran nou tout genyen tou, -ou konprann? Don leta te fè popilasyon-an. E popilasyon-an konstwi avèk lòt moun ki te fèmye-leta. Kounye a la a, e moun sa yo ki konstwi, ki fè tout bèl-bèlte sa a, nou ka gade Jodi-a de lavach. Men, kounye a la a, Kouman w pral konsidere popilasyon-an la a ki fin f’on bagay, kòm Matilnès te di l la “ S’on chodyè w fin kwit manje, ou fin pran manje a , epi w jete chodyè-a ak tout tòchon-an.” Se sa Matilnès te vle di la a.

S E –Men msonje, premye fwa m rankontre nou nan Îlavach, nou te konn ap plenyen, “pa gen wout,” paske menm a bisiklèt moun pat konn ap sikile Îlavach, sinon a do bourik, do chwal, do milèt, oubyen a pye. Donk, Men mwen wè wout ap fèt ect. Sak pase? Nou pa vle pwogrè-a?

L JM – Jodi-a, nou vle devlopman an. Nou pa vle yon moun konprann (KOPI) nan Îlavach kanpe, lefèt ke nou pa vle devlopman. Non, se pa la lakesyon. Nou vle devlopman an. Men nou di ke devlopman an li dwe defini, noumenm, nou dwe ladann. Pa egzanp, Mesye Soni, nan pwotestasyon, aprè 2 manifestasyon nou fin fè sou zile-a, (KOPI) fin fè sou zile-a, (KOPI) te bay yon delè yon semèn, delè yon semèn, kote pou otorite-lokal-yo, pou yo bannou yon repons. –Nan repons yo bannou, yo te mande Minis Touris-lan pou l te vini Îlavach.

S E –Ki repons nou t’ap tann?

Stop Ile a Vache environmental degradation project
Stop Ile a Vache environmental degradation project

L JM –Nou t’ap tann, pou yo vin explike nou pwojè-a, ki kòmanse egzekite, ke nou pa konnen. Se sak’ fè nou kanpe, tout travay ki t’ap fèt yo. Paske, ou pran ka wout? Se vre gen wout k’ap fèt. Men, wout-la fèt, san on plan dedomajman, -èpòt-la fèt, san on plan dedomajman. Msanti yo pa teni kont, enpak ekolojik ki kapab fèt. Msonje nan premye emisyon ou te fè isi-a, mtap raple m, pandan m t’ap tande emisyon sa a, kote sitwayen-an li t’ap pale, kòman Rak kwen tè sa a te reprezante boukliye. Men Jodi-a se Rak-sa a vrèman yo detwi. Ou konprann?

S E –Sa vle di, yo ratibwaze l?

L JM –Yo ratibwaze l. E g’on seri peyizan, ki gen yon seri jaden, ki sou min-tif, oubyen sou min-wòk. Mesye-yo rantre anndan jaden sa yo, pou yo itilize min-wòk sa yo, yo kraze jaden sa yo, yo pa bay peyizan yo ongoud. Yo pa bay peyizan-yo anyen.

S E –Msonje nan premye-emisyon m te fè avèk jèn-yo. Jan w di “Rak pwent Ès-la se yon boukliye li ye a.” Yo te explike, tankou lè gen siklòn, se Rak sa a ki pwoteje zile-a, pa-rapò ak gwo-van ki konn ap sòti a-LÈs.

L JG –Wè m te vle ajoute yon bagay nan afè devlopman an. Se pa vle nou pa vle devlopman-an vrèman non. Men, fòk popilasyon-an entegre nan devlopman sa k’ap fèt la. Si w’ap f’on devlopman, men pou ki yès w’ap fè devlopman an? Si w’ap f’on devlopman, [mwen pa konn pou ki yès?] men, ou ta teni w kont de tout revandikasyon popilasyon-an. Men si w’ap vin nan on zòn ou di w’ap fè devlopman, e se moun nan zòn nan w’ap expilse. Men w’ap fè devlopman o-pwofi de ki yès? Se sa! Se sa gran-pwoblèm-nan Jodi-a la a. Se devlopman. Wi nou dakò ak devlopman, men fòk popilasyon-an entegre nan devlopman sa a. [ou]Konprann? ou pakab f’on devlopman pou di “Nou pap devlope Îlavach.” Ou di w pral devlope. -Espas-la w pral devlope! E moun yo w pa pral pèmèt, -pou vi yo amelyore.

S E –Donk pou nou, fòk devlopman-an konsidere -moun dabò?

L JG –Moun dabò

L JM –Moun dabò

S E –Ou t’ap pale de repons-lan?

L JM –Majistra te pèmèt ke Minis Stefani Vildwen vini Vandredi dis (10) ki sot pase a. Fòn di w ke lè li vini, li vin konfime nou, nou plas gen plas nou la a. Paske, imajine w li di nou “on tyè (1/3 pou yo fè enstalasyon otèl yo nan tè yo, on tyè (1/3) pou yo fè enstalasyon restoran, kazino -e tou sa, e, on tyè (1/3) ankò pou yo fè yon fèm agrikòl.

S E -E abita, lojman kòman m ta kab di, “agloberasyon tout moun yo?” Petèt y’ap mete yo nan bagay agrikòl yo? Non?

L JM –Non. Tout moun ki f matematik konprann vit ke noumenm nou pa ladan. Dezyèmman, lè nou teni kont madam Stefani di konsa, “Li ap pran douz (12) plaj.” E douz (12) plaj Îlavach-yo, pou moun ki konn Îlavach, douz (12) plaj sa yo, madam nan sitiye l, apati de gran-sab. Lè sa a, koune a la a, w’ap desann, kote Wès Îlavach, kounye a la a douz (12) plaj pou remonte Sid, k’al rete jis nan skannòt. E sak’ nève nou lòt bò a nan kesyon an, “Yo pa menm respekte tradisyon-nou.” Pa egzanp, Jodi a, Îlavach g’on pwoblèm anski-atrè ak “Fèt Patwonal.” Tout moun pa konnen ki fèt patwonal Îlavach, men, pou moun Îlavach fèt patwonal yo, se “Resif Karèm”. Paske depi nou ti moun se Resif k’ap fete. Paske menm si w tande lòt zòn gen lòt fèt patwonal, pa-egzanp Îlavach yo te bal yon bagay, yon lè mtande “Monkamèl”. Men fèt pa nou, nou konnen se “Resif Karèm.” Men Jodi-a plaj sa a, yo rantre l ladan l. Se kòmsi noumenm, yo pa respekte okenn dwa nou.

S E –Resif Karèm nan s’on plaj?

L JM –S’on plaj. Se la lè karèm tout moun, tout popilsyon Îlavach-la, se la yo reyini, padan twa (3), kat (4) jou pou yo fete Karèm. Ki di donk, nou te di madam nan, paske lè nou te mande li vini, li vini. Li pa vini avèk dokiman-ekri, li sèlman vini avèk yon kat.

S E –Aloral?

L JM – Wi, aloral, alòdinè. Li vini avèk yon kat, ki senpleman prezante nou, “kote yo okipe yo.” Nou vit konprann, ke noumenm, nou pa la. {nou pa lan plan-an}

S E – Èske nou te poze kesyon-an, -E moun yo kote y’ap mete yo? Moun ki deja abite sou zile-a?

L JM –Jodi-a, yo vin pa di kesyon deplasman an, y’ap pale de relokalizasyon, e yo fè konprann, y’ap mete moun yo nan 3 pwen. E lè w pral mete moun yo nan 3 pwen, popilasyon an ap poze tèt-nou kesyon. Lè w pral fè fèm agrikòl, ou di w’ap mete nou nan 3 pwen. E sesi, moun lavach, menm si wè nou ap viv sou zile-a, (*ansanm), nou youn konn lòt, (*men), nou pa gen menm mòd de vi. Pa egzanp, ou pap ka pèmèt pran yon moun pwentès, pou al mete l viv ansanm ak yon moun anndan Bètèlmi, anndan Gwo-Mòn. Yo pap ka viv byen.

L JG –Koute, koute, lè fini tou, popilasyon an pa abitye viv kòmsi m ta di w, -nan site, -nan pwomiskyite, nan yon seri de bagay kòt-akòt. Moun nan viv nan lakou-lakay-li, nan gran-lakou-li, li gen poul-li, li gen kabrit-li, li gen tout on seri de bagay. Men lè w rete, ou di, ou pral mete popilasyon sa a kwense nan yon ti site, nan chèlte, yon bagay konsa, sa deja fristran. Ou konprann? Ou wè kòman sa fristran. Se tout bagay sa yo ki fè popilasyon-an vin anxye konsa a. Popilasyon an, tout moun vin sou tansyon. Imajine w a swasanndizan (70an), a swasannkatzan (74an),mwen gen papa m ki gen swasannkatòzan (74an). E kòman w pral wè ke, pou yon moun ki pase tout vi l ap travay, epi w pral di l “Bon, li sipoze deplase pou l al l’on Site, paske tè sa yo, yo bezwen yo pou yo fè otèl?” Ou wè

Se pa yon bagay ki nòmal. Se sak’ fè (KOPI) limenm pran flanbo-a pou l di non, pou l klere popilasyon-an, epi pou l di no “Sa yo paka pase.”

Haiti fisherman at Kay Kok, Ile a Vache who are asked to leave their coastal homes to make way for tourist resorts
Haiti fisherman at Kay Kok, Ile a Vache who are asked to leave their coastal homes to make way for tourist resorts

MENM ANIMATÈ FANM NAN ANKÒ:

“4 Je kontre se emisyon SAKS nan tèt-kole avèk ICKL ITKA PAJ. Nan emisyon sa a, nou reflechi sou aktyalite-a , semèn sa a, nou Îlavach. N’ap diskite avèk moun Îlavach sou pwojè destinasyon touristik Îlavach-la. N’ap gade sa yomenm, yo genyen kont pwojè a, e sa yomenm tou, yo genyen kòm pwopozisyon pou gouvènman an, limenm, ki di de tout fason y’ape fè pwojè a, paske s’on pwojè gouvènman an vle, kèlkeswa jan sa ye, kèlkeswa konsekans yo yomenm aplike l. E nan enterè kiyès? Alòske ke genyen 14,000 moun konsa, ki ap viv sou zile Îlavach, yomenm yo pa konn anyen nan pwojè a? Yo pa poze yo kesyon? Yo pa mande yo kòman yo vle wè pwojè a? Donk yo kontinye kanmenm malgre sa y’ap arete moun, y’ape, moleste moun, e genyen lòt moun tou, ki oblije mawon akoz yomenm, yo denonse pwojè a. N’ap kontinye tande Jan Matilnes Lami avèk Lwi Jan Gadi nan mikwo Soni Esteyis.”

S E –Pwojè touristik kote yo pral konstwi otèl, yo pral konstwi kazino, yo pral mete enfrastrikti-agrikòl. Men popilasyon-an di limenm, “Li pa wè kote yo mete pou li nan pwojè sa yo. Ki kote moun yo pral rete? E se pi gwo enkyetid yo, avèk de moun ki sou tè-a depi plizyè dizèn lane. Yo enkyè pa-rapò, a pwojè, ki menm deja kòmanse, men poko gen anyen ki di avèk moun yo pral deplase an tèm de dedomajman. Dayè, gen egzanp ki fèt deja, ki fè moun yo enkyè, avèk wout ki trase a, kote gen anpil kokoye, anpil pye-mango, ki pèdi lavi yo, e gen tè moun-yomenm, yo pran lè 2 kote wout-la, kote moun sa yo pat jwenn dedomajman, yo kontinye ap mande dedomajman. E moun yo pral deplase pou otèl yo, pou ayewopò yo, eksetera. Yo enkyè, paske yo pa kwè, y’ap genyen dedomajman.” Alò, nou konnen moun yo pran lari, -Ou di, “Matilnès, epi, Lwi Jan Gadi, se 2 responsab sa yo, responsab KOPI (Konbit-Peyizan-lavach) n’ap resevwa Jodi-a.” Nou di, “Mini Touris-la,” ki limenm mta ka di “se limenm nan gouvènman-an k’ap pilote pwojè-Îlavach-la.” E, li te nan zòn nan, Vandredi pase. E nou aprann te gen kouri. Èske se nan moman sa a, te gen kouri a? Moun yo te sanse kouri dèyè kèk otorite?

L JM –Wi se te menm moman sa a, paseke, sa te fèt nan Jedi, kouri a pat fèt nan Vandredi, men kouri a te fèt nan Jedi, kote Minis Balmi te al tante pale avèk popilasyon-an sou plas pliblik lan, ke nou konnen jou Jedi, se jou mache Îlavach li ye. Enbyen, popilasyon-an, te non sèlman pale avèk Minis Balmi, men, li te tou pale avèk Majistra Frits Seza, ki gen yon kesyon 1,000-goud, li pran nan men popilasyon-an, moun yo n’on solèy, moun yo te tou pwofite, regle ti koze sa a avèk yo.

SE -1,000-goud pou ki sa?

J LM –Li di “mil (1,000) goud-la, li pranl nan men moun yo, pou yo f’on depo pou yo, pou yo mete machandiz-yo nan mache-a.” E, a (*jiska) nou jou, moun yo poko wè kote depo-a li fèt, e pakont yo te tou pwofite regle ti koze sa a, avèk Majistra a. Men, fò nou di w tou mesye Soni, nan rankont sa a ki te fèt nan Vandredi-an, -bon, avan-tou, fò nou di w nan Jedi menm aprè-midi sa a tou, genyen Sekretè-Deta pwodiksyon-vejetal, Mesye Dòsen, ki te pas’on move-moman tou, nan men popilasyon Îlavach, sitou nan lokalite Lahat. Oke, avèk tout majistra a, mesye sa yo, te pase move moman avèk Fenan Sajous ki se pwopriyetè Abakebe-otèl. Ebyen mesye sa yo te pase yon move-moman, vè sizè edmi (6:30pm) di swa, yo t’ap tante al rankontre mesye KOPI yo. Mesye KOPI yo pat vle rankontre yo. Men, a la fen, moun KOPI yo te deside rankontre yo, men, avèk notab zòn nan. Ebyen bagay sa a ki te mal fini. Paseke, se lè sa a, Sekretè-Deta a, ta pral kanpe pou li di “Tout tè se pou leta. Îlavach se tè leta li ye.” -Popilasyon-an te nève kou-kong. E se gras Bondje ki pèmèt, Sekretè-Deta sa a, li te soti sen-e-sof. Men fò nou di w ke rankont ki te fèt Vandredi-an avèk Minis Balmi an. Popilasyon an, sitou KOPI, nou te di Minis lan, ke li pa konvenk nou. E nòmalman, nou mande li pou li “RETOUNEN.” Pou li retounen, e li pwomèt popilasyon an pou li te retounen, pou li te pote dokiman pou nou. E fò nou di w yè ki te Jedi sèz (16) Janvye a, -ebyen, madam Valmi te vini lòt bò an, fwa sa a, li te vin avèk yon pi gwo delegasyon. -Te gen reprezantan DGI Okay, -te gen delege depatmantal, ki te la. Ki di donk, -rankont-lan l te fèt. -Men, pandan rankont-lan t’ap fèt fòn di w, -popilasyon-an, te sou 2 pye l, ki t’ap reklame “Îlavach pa pou vann, ni an gwo, ni an detay.” E, KOPI te anndan an, -e nou te mande l pou li te bannou yon dokiman. E, malerezman ankò, madam nan, olye ke li bannou dokiman pwojè-a, -men, se sa ke -yo reyalize. Pa-egzanp yo di: “Yo f’on sant kominote.” Se sa m’ap pale w. Yon sant kominote? Si y’ap fèt pou moun Îlavach? Li dwe sitiye o-milye. Mesye Soni, w’ale ilavach deja. Yon sant-kominotè ki mete Kay-Kòk, ki ap gen bibliyotòk Kay-Kòk, -Èske l pou popilasyon-an? Lè n imajine tout moun pwentès? Moun madam Bèna? Mye-vo yon moun ale Okay pou al nan bibliyotèk, olye ou desann Kay-Kòk. Ki di donk, -yo f’on radyo (Vwal FM); -Ki byen pote non l, paske lè yon bagay anba yon vwal, -gen tout bagay. Ebyen radyo sa a, li ap-Emèt (men) pèsonn-moun sou zile-a pa konn kote radyo-a ye. Sè di ke, -Èske radyo-a, o-sevis kominote-a? Non! Ki donk, se tout bagay sa yo, -(Rankont ki te fèt, -Otorite ki pale, -Majistra pal’on lang, -Depite-a pal’on lang, Minis Balmi ap pal’on lot lang). -Ki di donk, [*noumenm] popilasyon-an, nou pa klè. Nou pa klè. Piske nou pa klè –“nou pa konn ki yès pou nou kwè.” Fò n di w byen, -Jodi-a, batay-la, li pr’on lòt sans. Li pr’on lot sans! Nou di “Tip pwojè sa a, NOU PA VLE L.” -Si yo vle devlope Îlavach vre, -se pou yo revize pwojè-a. Fò yo revize pwojè-a, e, fò yo rantre Arète a. Yo g’on Arète yo pibliye, fò yo ta rantre Arète sa a.

SE – Ki sa ki nan Arète a di?

L JM –Bon, Arète a li deklare “-Îlavach antyè, zòn rezève pou devlopman touristik.” Pandansetan, andedan li, nou pa wè plas popilsayon-an ladann. E y’al pi lwen pou yo di, “Limit-Maritim yo tou.”

L JG –E g’on bagay ou pa ajoute la a tou, – Men fò pwojè a tou, teni kont -pwoblem Îlavach-yo. N’ap viv on kote la a. Kòm ou di “w’al Îlavach deja.” -W’ap wè, pa gen dlo-potab. W’ap wè, gen yon seri ti-enfrastrikti de-baz ki pa genyen. Men kòman w pral f’on pwojè la a, ou di bon, “Ou pral vin f’on pwojè.” Epi, pa gen dlo-potab, -kòmsi, moun yo ap viv nan yon sitiyasyon trè difisil? Men m pa wè enpotans pwojè sa a.

L JM –G’on bagay ou pa ajoute Jan-Gadi. Ou pa ajoute, pa-egzanp y’ap prone nan pwojè-a, yo gen yuit (8) foyaj pui ke y’ap fè. Men Jodi-a ale Kay-Kòk, w’ap wè yo fè yon sèl foyaj-pui nan Kay-Kòk, epi li pa nan sevis popilasyon Kay-Kòk-la, se Fènan Sajous ki kenbe l pou otèl-li. Sa vle di se pa pou popilasyon-an yo fè li.

L JG –Men popilasyon Kay-Kòk-la, pa popilasyon Îlavach-la Sèlman. Îlavach gen vennsis (26) lokalite, mwen kwè ke vennsis (26) lokalite-a ta sipoze benefisye bagay sa yo tou.

S E –Donk sa vle di, pwojè yo, jiskaprezan, nan sa n wè yo, e menm sa yo di ki fèt yo, nou pa santi, nou pa wè kote popilasyo-an ap benefisye?

L JM – Bon, nou pa wè l. E Jodi-a fò nou di ke g’on gwo pa ki fèt, paske nou gen zanmi ak alye ki bann non pwojè-a. E Jodi-a KOPI g’on travay l’ap fè sou zile Îlavach-la depi yè, Minis lan kite Îlavach. Ebyen KOPI ap, avèk pwojektwa, -n’ap mete pwojè-a, sou gran-ekran-an pou popilasyon-an wè l. Fò nou di w, maten-an la a, nou aprann ke g’on delegasyon ki pral Îlavach, Senatè *Kalos Lebon, *Winsesklas-Lanbè, akonpaye de *Edo zeni, ki prezidan komisyon-touris ki gen nan Sena a.

UN-imported cholera deaths for Haiti
UN-imported cholera deaths for Haiti

S E –Men se twa (3) patizan pouvwa a wi?

L JM –Bon se yo ki prale, Men se Jodi-a nou wè ke, mesye Senatè sa yo, yo ki deside rive sou zile Îlavach-la. Men pwoblèm nan, nou pat janm enfòme de pwojè-a yon jou. E KOPI kanpe, se apati de lè pwojè kòmanse fin egzekite, -Nou di “Non.” Nou paka nan’on zile, piske yo di se Îlavach, se kòmsi nan tèt-yo “Se vach ase k’ap viv lòtbò a, pa gen towo.” Nou te oblije f’on kanpe, pou nou mande explikasyon. E Jodi-a, nou sou bòn wout, nou sou bòn vwa, paseke, Minis balmi kòmanse ap vire lang-li pou l di “Sa l te di -e pa sa l te di.” –Ou konprann? Majistra Frits kòmanse ap vire lang-li, Jodi-a. OK, -sa vle di, Jodi-a gen menas ki peze sou tèt moun KOPI yo. Yo tante di “Yo gen djòb pou mwen, yo gen djòb pou Jinal”, e nou pa deside rantre nan lojik sa yo. Rele nou nan telefòn, -nou pa deside rantre nan lojik. Yo tante lanse disèt (17) viza dèyè nou, e nou pa deside.

S E –Disèt (17) viza pou nou pati?

L JM –Viza pou nou pati. E Jodi-a la a, gen lòt bagay k’ap fèt, yo komanse ap ba nou kout fil anonym.

S E –Donk, se kawòt-la yon bò, baton-an yon bò?

L JM –Kawòt-la yon bò, baton-an yon bò. Sa vle di, y’ap ban-nou kout fil anonim.

L JG– G’on lot bagay nou pa ajoute Matilnèes. –Se popilasyon-an ki pran konsyans de gravite pwojè bagay sa a. Paske, popilasyon-an te gen dwa pa konprann. Menm le KOPI t’ap fè, tout yon seri de bagay, -si popilasyon-an pat kòmsi mta di w, “inisye” -Si l pat enplike, popilasyon-an vin konsyantize de pwoblèm-nan. Kounye-a la a, popilasyon-an pap pran nenpòt bagay, ni nan men Minis-lan, ni nan men gouvènman-an, paske popilasyon-an vin konn bagay yo. E sesi avan tout pwojeksyon sa yo, n’ap fè nan tout lokalite yo. E sa pral etandi, li pral elaji konsyans popilasyon-an, nan domèn-nan. Kounye-a la, -popilasyon-an pap ka aksepte nenpòt bagay nan men yo ankò.

SE – Donk, nou di ke g’on dekrè ki deklare “Îlavach zòn pwoteje” –Donk sa vle di, Èske travay k’ap fèt la, pa-egzanp ayewopò-a, -Nan ki pwen l ye? Èske yo kòmanse deplase moun? Moun yo, -Èske yo deja relokalize yo?

L JM – Bon, pou sa ta fèt Mesye Soni, mwen pral montre kote se kache y’ap kache. Si w g’on plan pou deplase yon popilasyon, premye sa pou fè, se rankontre avèk popilasyon-an, montre l ki tip kay ou pral ba li, e ki kote tou. Jodi-a fò nou di w ke sa pa fèt. E Îlavach Jodi-a nou di gouvènman sa a “yon gwo mèsi”, -paske nan venteyinyèm syèk, olye ke l ta inisye nou, nan yon seri de lòt bagay a wo-nivo pou pèmèt nou devlope, li pito inisye nou, nan bidonvil. Nou di l “yon gwo mèsi” pou sa! E noumenm Îlavach, nou pa viv pre. Kay nou se tankou tout popilasyon nan milye riral-yo, se konsa ke nou viv noumenm. E Jodi-a…

S E –Li pa yon avantaj yon bò. Paske, sa fè moun yo paka jwenn sèvis tou, pa-egzanp, gen pwoblèm elektrisite etc?

L JM –Li pa yon avantaj yon bò. Trè byen. Men okenn pwoblèm, okenn pwoblèm. Men kounye a la, pou popilasyon an jwenn sèvis yo, ou di ke w “g’on plan pou deplase yo.” -Neyanmwen fò w montre nou kay ou pral mete nou an, -men ki kote ke w pral avèk nou an. Paseke Jodi-a, ou jwenn yon bèl kay Îlavach, -ki sa w ap ofri nou kom sevis de baz yo tou? Ou jwenn yon gwo kay Îlavach Jodi-a, mesye-Soni, yon kay ki gen anviwon, kat (4) senk (5) bout Îlavach, enben l, pa gen plis ke 3 moun k’ap viv ladann. Mpa konn si w konprann? Sa vle di, kounye a y’ap pale…men noumenm –“NOU PA ABITYE VIV YOUN SOU LÒT!”

L JG – Pandansetan ou pra l mete moun sa ak’ t’ap viv nan yon kay senk (5) sis (6) pyes konsa, nan yon ti kay 2, 3 pyes. Epi a kote l g’on lot anko kelke 2, 3 met, e moun sa yo antase.E moun yo pat abitye viv antase

L JM –G’on lot bagay. Yo gen yon tèren-gòlf dizwit (18) twou, anndan pwojè-a. Sa vle di, lè nou teni kont, ki sa yon tèren-gòlf ye? Lè n’ap gade l nan televizyon, mwen m pa gen chans pou viv li, men, gen moun ki vwayaje, -lè y’ap explike m kisa yon tèren-gòlf ye. Sa vle di yon tèren-golf dizwit-twou sou ti- Îlavach-la a. Sa vle di nou vit konprann, yo deja tou di n, nou pa ladann. Yo p’ap mete nou deyò denkou. Men, kote yo pra l antase-nou, n’ap oblije jenn, nou pa ka la. Lè Minis-lan di “12 plaj yo” mesye Soni, nou pa wè on ti pò-kabotaj. Kòmsi lè popilasyon-an sot Okay pou yo rantre. Dayè yo di “Limit-maritim-yo tou.” Minis Balmi trete filè lòt bò a, kòm filè-kriminèl.

SE –Filè? Lè w di filè?

L JM –Filè ke n’ap peche yo. Li di “se filè kriminèl.”

SE –N’ap tiye ti-pwason?

L JM –N’ap tiye ti-pwason. (Si) n’ap tiye ti pwason, kounye a se pou yo ba nou ankadreman.

L JG –Si may-yo twò piti, se pou-ou reglemante yo, ou ka elaji may-yo, oubyen ban-nou lòt mwayen. Majorite popilasyon Îlavach-la, viv de lapèch. Kounye-a la a, bon, lè w di w pral mete moun yo nan ti site sa a, e moun yo, se pèch-la yo te konn fè anpil.

S E –Pechè renmen viv bò lanmè?

L JG –E yo pa gen mwayen tou pou y’al peche ankò. E w’ap gade fanmi yo, {yo gen pou y’okipe.}

S E –Petèt yo pra l travay nan otèl-yo?

L J G –Non, men travay nan otèl yo, s’on bagay ki pral efemè. Èske moun nan, li gen konpetans pou l travay nan otèl-la?

L JM –Daye, g’on pwovèb ki di “ Fò w Mennen mantò-a jouk douvan pòt-li.” Minis Balmi, avèk tout pwojè-a, nou rive nan pa-pòt kay-yo. E la a nou wè tout sa yo t’ap di avan yo se manti.

S E –Ti moun pa fèt pou di granmoun mantè non papa. Ou kapab di sa l’ap di-a, se pa vre, Men, ou pa do di l mantè?

L JM –Yo pa fèt pou di granmoun manti. Men sa l’ap di-a, se pa vre. Yo pa vre. -Sa vle di, ki sa m pral di w Jodi-a la a? -Si Jodi-a la a, jounen Jodi-a la a, Minis Balmi toujou ap di nou “Nou p’ap deplase.” E, nou gen tan ap teni kont “volim pwojè-a,” nou gen tan wè, nou pra l deplase. Dezyèmman, pa bliye ankò, nan arète-a, li di: “Limit-maritim-yo tou, -zòn a-pwoteje.” –Sa vle di, -san dout, -ti peyizan-an, -ti malere yo, pap kapab ale avèk ti-bwa-fouye-yo. Paske se pral yon seri espas ki pral rezève pou kwazyè. Ou konprann sa m vle di w lan la a?

S E –Pou gwo bato?

L JM –Pou gwo bato. Noumenm, nou di “Îlavach destinasyon touristik.” –Byen! Byen! Men fò vi popilasyon Îlavach-la, amelyore. Pa-egzanp, gen ki exprès ki fèt lòt bò-a. Dezyèmman, mesye Soni, nou di ke, -Èske popilasyon-an li pral travay nan otèl? Men otèl ki gen lòt bò yo, moun Dekad yo, se pa moun ilavach yo ye non.

SE –W’ap pale de 2 otèl ki la yo?

L JM -2 otèl-yo, -Mògann, -e, Abakabe. Kad yo, se pa moun-Îlavach. Twazyèmman, pwojè w tande gouvènman-an ap fè lòt bò-a, Majistra Frits di l sou Lebò-FM. Li di l sou Lebò-FM, Okay “Menm si y’ap depoze yon sak siman, y’ap bat beton pou yon sak siman, p’ap gen moun Îlavach ladanl.” Yo soti avèk tou moun yo -Ti-Gwav, epi, y’al fè bagay-la lòt bò-a. Ki di donk, nou gen tan wè, an patan…

S E –Kòman Ti-Gwav?

L JM –Bon, pa-egzanp, enjenyè ki lòt bò-a, yo gen dwa, pa fè l enjeksyon, “fòk se moun sou zile-a pou yo pran.” –Limenm, li genyen, moun nan zòn pa-li, li Mennen vin travay. Moun Îlavach pa patisipe nan anyen. E, fò n di w mesye Soni, moun-Îlavach nou g’on karaktè lakay nou ki pèmèt, Jodi-an gouvèneman-an, ap avanse sou nou, jan l’ap avanse a. Se paseke, nou trè-dosil. Nou trè-dosil! Mkwè-ke, nan tout istwa peyi dAyiti, se premye-fwa moun tande Îlavach, ap fè jan de mouvman sa yo.

S E –Men, jan w di m nan, -Sak pase Sekretè-Deta a, pat gen dosilite non?

L JM – Ebyen se sa a. E se sak’ pral fè ke, yo kòmanse mal, yo kòmanse mal! E tout bèt ki nan twou k’ap pran kout pik, -tout bèt jennen mòde. Jodi-a la a, nou jennen. Sa vle di ke nou klè. E, nou vle atire atansyon yo. -Jodi-a y’ap poz’on kesyon de tè Îlavach. Yo vle deposede nou de tè-a. Men, n’ap di ke fò moun sa yo konprann, lè yo vle retire tout tè-peyizan, -se fasil pou peyizan bliye lamoral. E, nou pata swete bagay sa rive nan nivo sa a. E yo konnen peyizan an atache a tè-a anpil. E se sak’ fè, nou pwofite pou nou rete nan mikwo sa a la a, pou nou lans’on apèl bay tout touris ki pral vizite Îlavach yo. Tout touris gen dwa prale, nou pa gen pwoblèm. Nou trè-ouvè avèk touris-yo. Touris-lokal, touris-entènasyonal, yo mèt al vizite Îlavach, -Îlavach pa g’anyen. Men tout moun ki pral fè pwojè, ki pral woule bagay gwo pwa-lou sou zile-a, sil-te-plè, bagay-la poko klè. Si gen Anbasadè k’ap tande la a, -Konsil k’ap tande la a. Bagay-la poko klè lòt bò-a. Tout moun ki deside pou y’al woule pwa-lou pral travay nan pwojè, -mande responsab yo, pou yo rete lakay yo, paske popilasyon-Îlavach-la, yo trè ap veye. Maten-an, genyen tout Îlavach-bloke, pa gen lekòl Îlavach maten-an. Paseke, nou oblije ap veye, nou pa gen lòt espas. Pou n fini, talè-a, Gadi te di “Papa l gen swasannkatòzan.” E byen n’ap di gen moun ilavach aktyèlman ki gen sandezan (102an), manman l te fè l sou zile-a. *Îzan nan Lahat, li gen sandezan (102an), manman l te rele Îzani, -fè li sou, zile-Îlavach-la. Sa vle di, se pa yon kout loray ki klate, ki mete nou Îlavach Jodi-a.

S E –Byen, lè-a fin rive sou nou. Kounye-a nou menm nan KOPI (Konbit-Peyizan-Îlavach). Ki sa ki pou ta kalme sitiyasyon-an, pou nou ta santi, mta kapab di “ nou trankil, e pwojè-yo ta mèt vin fèt, nou pap bay pwoblèm? Ki sa nou ta swete ki fèt nan sans sa a, pou nou santi nou trankil?

L JG –Bon mwenmenm men sa m t’ap di, -Sa m’ap di, e m’ap di l nan non KOPI tou, -m’ap di l nan non tout fanmi mwen, e nan non tout-abitan-Îlavach. –Sè ke, popilasyon-an, sipoze entegre, nan pwojè-a. E, pwojè-a pa ka fèt a lechèl, kòmsi tout Îlavach antye t’ap fè objè pwojè-a. Pwojè-a ta ka sible yon zòn, -li ka f’on zòn touristik pou kèlke 4,5,6, lokalite. Sa depan, -pou yo fè pwojè-a. Men pwojè-a dwe teni-kont, “ansanm deziderata-popilasyon-an.” Pwojè-a pa dwe vize exkli popilasyon-an de tèl konsa. Popilasyon-an, ka toujou vle konsede yon pwopriyete bay yon moun pou yo fe pwojè-a, -Lpa gen pwoblem. Men fòse l, pou l kite kote l ye-a, pou l al abite yon lòt kote, se pa yon bon bagay. E, noumenm, nou pa ka aksepte sa. E popilasyon-an pap pranl tou. Se pa paske moun nan peyizan, paske kontex [peyizan-an], menm mwenmenm m’ap di nou sa, mwen pat konn dakò avèk bagay peyizan-an. Paske, msonje lontan, mti-moun, -mlekòl-Okay, -epi lè konsa yo trete w de “ti-peyizan, sa te konn-fè m mal, wi, abitan, ti peyizan.” –Kou w ouvè bouch-ou nan sal-la, -ou tande “Ey, wet kò w la. -Peyizan, -Ak-de-nesans-ou make peyizan.” Ou konprann? Se kòmsi peyizan-an s’on aryere. Se sa m (te) panse,-s’on defo l te ye. Se kòmsi s’on moun ki viv a leta-primitif. Ebyen, se sa Minis-lan panse, -se sa gouvènman-an panse tou, ki fè yo vin ak yon pwojè konsa, pou mete tout moun deyò. Paske (pou yo) peyizan sa yo, pa konn anyen, -yo pa konn sa yo vo, -yo met voye-yo ale fè nenpòt bagay. Men, peyizan-an pa konsa! Peyizan-an, pa sa yo panse-a!

S E –E sitou Jodi-a?

L JG –Wi, mwenmenm, papa m peyizan, manman m peyizan, granmè m, -tout aryè-paran m-yo, -tout se peyizan. Men, yo te g’on bagay lakay-yo. Yo te gen sajès. Ou konprann?

Jean Lamy Matulnes arrested, jailed at National Penitentiary without charge
Matilnès arrested, jailed at National Penitentiary without charge

SE –Yo kwè nan diyite?

L JG –Yo kwè nan diyite, – Yo renmen travay. -Yo respekte moun. Ebyen, peyizan-an respekte moun paskel renmen yo respekte l tou. Ebyen, sa y’ap fè la a, yo montre ke yo pa respekte peyizan-an. Wi, yo pa respekte peyizan-an. –Si w vini, ou vini pou mete peyizan-an deyò konsa, epi w di “pou l ale.” Kote l prale? Li pa konnen kote l prale. Epi, pou pran tè-a pou fè otèl. Ou pa respekte peyizan-an. E peyizan-an renmen moun respekte l. Noumenm, fò yo respekte n noumenm. E sa m t’ap di!

S E –Matilnès?

L JM –Byen, jan nou di-a experyans sa a, Îlavach fèl deja. Abakabe, -e Pò-Mogann, se 2 moun kit e gen kontra avek leta, epi ki vini, -popilasyon-an sede plas-la, epi yo dedomaje moun sa yo nòmalman.

SE – W’ap pale de pi gwo otèl nan Vil-la, 2 gwo otèl ki nan zile-a?

L JM – Wi, Mògann pat bay tout pwoblèm sa a, Abakabe pat bay li. La yo do al panse, sak fè popilasyon-an ap bay pwoblèm sa yo. Tout moun k’ap koute la a; Pò-Mògann pat bay pwoblèm nan bagay sa a, Abakabe pa bay pwoblèm. Sa vle di, si kounye-a popilasyon-an kanpe, -sa vle di ke g’on bagay ki pa mache byen. E, noumenm Jodi-a, nou di “ifoke pwoje-a revize.” Fò pwojè-a, revise! Nou pa nan kesyon pou y’al pran Fèm-Agrikòl. Nou pa vle sa. Noumenm popilasyon-an, nou di, “Pwojè-a, pou li fèt, fò yo di, men zòn y’ap fè otèl-yo, e popilasyon-an ap rete lakay-li. Konsa, n’ap ka gen mwayen, pou nou pwodui.

Nou mande akonpayman-leta-a, pou l bannou mwayen agrikòl, pechè, tout sa. Poul bannou yon kout pous, pou l ankadre nou, paseke nou pral fè pati priyorite gouvènman-an, pou nou pwodui manje pou touris k’ap vini yo. Nou kapab fè l. Se sa ki entegrasyon-an. Se sa pou yo fè pou nou Jodi-a. An gwo. Nou mande pou gouvènman-an pou l resezi l. Revize pwojè-a pou nou. Pandansetan y’ap respekte tout tradisyon-nou. Yo di tout sa y’ap fè yo, (men) yo pa met yon tèren-foutbòl pou nou Îlavach. Jodi-a, nou pa fè okenn spò Îlavach. Men chak-kou ou wè yon moun ap vizite , ou wè yon kote ki gen tèren, ou wè gen 2 kan. Depi w wè on kote gen 2 kan. Sa vle di ou ka idantifye se tèren foutbòl ki fèt. E n’ap di nan depatman-Sid-la, Îlavach se zòn ki genyen anpil potansyalite nan zafè talan nan foutbòl. Nou pa gen yon grenn klèb, menm nan senkyèm-divizyon. Men, sa pa anpeche ke nou gen jenn-gason nan chanpyona sou teren ki ap evolye nan nivo-nasyonal. Jodi-an pi bon lateral-goch chanpyona-nasyonal-la, li rele Kismi Franswa, se moun Îlavach li ye, k’ap evolye nan (klib) Viktori. Sa vle di, yo pa menm prevwa sa a, “yon tèren-foutbòl.”

Pakont, an avan,nou wè, nou pèdi, nou pa ladanl. Enben mèt chat kenbe chat nan tèt. Nou kenbe chat-nou nan tèt. N’ap di yo, nou pa di, nou kont pwojè-a. Men fò yo revize li. Plan pwojè sa a nou wè a, noumenm, nou kont-li. Pwojè sa ke nou wè-a, ki anvizaje 12 plaj, ki anvizaje tèren-gòlf, ki anvizaje 1,000 chanm otèl, Ayewopò, 2,500 vila pou Venezwela, enfrastrikti-Agrikòl. Enben nou di plan sa a, nou kont li. Plan sa a, popilasyon-Îlavach-la kont li. E se yon lòt plan pou yo elabore pou nou. Epi pwojè sa a pap ka fèt sou 4,000 mèt-kare. Se dènye mo KOPI. Vwala, plan sa a, ki gen tout bagatèl, ki pa gen peyizan-Îlavach-yo ladan l lan, nou mande yo “rantre l.” E si yo bezwen fè yon pwojè pou nou, se pou yo vin chita avè n. N’ap voye yo al pran plan Wobè-a, paske plan Wobè-a se lik’ te bon. Mèsi!

S E –Ebyen mèsi Lwi Jan-Gadi. Mesi Jan Lami Matilnès, nou espere, moun ki konsène-yo, yo tande, e y’ap rekonsidere pwojè-a apati de pozisyon noumenm nou exprime, o-non popilasyon Îlavach ki regwoupe nan Konbit-Peyizan-Îlavach.

VWA ANIMATÈ FANM NAN: Babay tout moun na wè lòt semèn.

Frantz Louis/Frannz Lwi
Franns Lwi

Franns Lwi/HLLN-Mas 2014

Pa di m te di jis di m t’ekri

*****
(Check back frequently for updates. Here’s the English translation of the Jean Lamy Matulnes 4 Je Kontre- February 26, 2014 interview from Dady Chery and Video English/Kreyòl translations from Hugues Girard.)

Advertisements

Leave a Reply

Please log in using one of these methods to post your comment:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s