Gaye toupatou: Koukouwouj Pou Nou Bloke Masak Mateli-Lamòt sou Popilasyon Ilavach La

NotoDisplacement
Leve kape pou martelly pa masakre moun Ilavach yo
Ilavach locals protest Haiti government plans to build a tourist haven on the Island of their birth while displacing and evicting most of the locals inhabitants from the Island. 
Photo Source: ginasystems.com

Gaye toupatou: Koukouwouj Pou Nou Bloke Masak Mateli-Lamòt sou Popilasyon Ilavach La

(Il a Vache urgent action alert, part 1 in English is here)

Ilavache: Privatizing public wealth to give it to  the Rich, Exterminate the PoorEzili Dantò Note:The Kreyòl text and audio broadcast here give voice to the people at Ilavach, Haiti who are requesting international solidarity.The community leaders of KOFI have gone into hiding because of the Martelly/Lamothe government repression on the Island. (See Ilavach, Part 1 in English)Lakou New York in Brooklyn NY with Manno Louizaire and Dahoud re-broadcasted excerpts – taken directly from Radyo Vwa Klodi Mizo in Haiti from February 25, 2014- where the residents of Ilavach explain the repression they’re suffering for refusing to give up their homes for tourist development.They residents say they want tourist and to more productively use the Island, but not if it means they’ll be homeless and without food sovereignty (See Ilavach, Part 1)

Franns Lwi does a tremendous job, transcribing, a good portion of the Radyo Vwa Klodi Mizo, February 25, 2014 interview for the Ezili Network. This is an unofficial translation.If you can, share, circulate, re-post the information at Part 1 and here.

Contact the media. Write to your local representatives. Tell Washington to call off its murdering, three-piece-suited thugs in Haiti. Stop the repression. Haitians have paid, in so much blood for their communal (Lakou/Konbit) and privately owned lands. It is unconscionable and morally bankrupt or Barack Obama, the first Black president of the United States to be silently preside over the travesty in Haiti.

Get the word out. (See why the international media and human rights organizations are worthless to the worlds most oppressed. Go to part 1, scroll down to WHAT HAITI HUMAN RIGHTS ACTIVISTS AT THE EZILI NETWORK EXPECT WILL HAPPEN.) — Ezili Dantò of HLLN, March 1, 2014

***
Gaye toupatou

Koute moun Ilavach yo k ap pale sou kokenn represyon y ap sibi anba men gouvènman Mateli-Lamòt

Lakou NY retransmèt Emisyon 25 Fevriye, Radyo Vwa Klodi Mizo

http://www.ezilidanto.com/zili/wp-content/uploads/2011/01/player.swf

Segman espesyal sou dappiyanp gouvènman chawony nan ap chache fè sou zile Ilavach: Nou pase yon bon bout nan emisyon Goute Sèl ki te fèt nan Radyo Vwa Klodi Mizo, Aux Cayes , Madi 25 Fevriye a; Liy ouvè ak oditè yo.” —Lakou New York, February 28th, 2014

***

An Nou Tout Kore Popilasyon Ilavach la!

Yon ti moso {EKRI} sou Emisyon Goute Sèl – Madi 25 Fevriye 2014, – Se Franns Lwi ki mete pawòl emisyon RVKM a sou papye pou HLLN, March 1, 2014

Sou sa kap pase nan Ilavach:

*
“Salitasyon pou nou tout kap koute Radyo Vwa Klodi Mizo nan moman sa a

Se yon plezi pou n ansanm avèk ou, pou n prezante w emisyon Goute Sèl-la jounen Jodi a.

Kòm ou konnen l, -Goute Sèl-la pase chak jou soti nevè [9è] pou rive dizè [10è] nan maten, ak yon repriz soti nevè [9è ] pou rive dizè [10è] nan aswè. E se yon plezi pou nou avèk ou jounen Jodi-a, an absans de janklodi Aristil pou n prezante w emisyon goute-sèl-la. E se yon plezi tou pou n salye tout moun kap koute radio-a sou katrevensèz pwen sèt èfèm [ 96.7FM] nan ak sou twa doubleve radyo vekaèm pwen o-èr-je [3wVKM.org]. Radyo- a ekri an kreyòl – R-A-D- IGRÈK-O –V-K-M –PWEN-O-R-G [radyo vkm.org].

Jodi-a nan emisyon an, n ap chita sou kesyon dosye Îl-a-vach-la. -Kòm nou konnen l Jodi vennsenk [ 25] Fevriye demilkatòz [2014]-la, popilasyon Îlavach-la te nan lari pou reklame liberasyon vis-prezidan KOPI-a Matinès. E byen sitiyasyon an ta pral vire […] nou kapab di, paske selon enfòmasyon yo, selon enfo-nouvèl yo ki vin jwenn nou, Majistra Frits-seza akonpaye de B.I.M ta pral sabote, nou kapab di manifestasyon sa a, kote, selon nouvèl yo, -gen moun ki pran bal, – gen moun ki blese. –N ap gen tout detay-yo paske gen anpil reyaksyon, -fòk nou ta nan stidyo-vwa-klodi mizo tout okou de joune sa a n ap resevwa apèl de moun Îlavach,- nou pral gen pou n tande kouman sa ye.

Medam mesye nap pr’on poz nap tounen toutalé.

Oumenm ki fèk branche w ap swiv vwa klodi mizo katrevensèz pwen sèt èfèm [96.7FM] stereyo, yon lòt kominikasyon pou yon lòt sosyete twa-doubleve radyo-vekaèm pwen O-ÈR-JE [3wVKM.org] radyo-a ekri an kreyòl –R-A-D-lGRÈK-O VKM pwen ORG

-Kòm nou te anonse li nan tit emisyon an jodi a nap genyen reyaksyon moun Îlavach swit ak sak pase jounen Jodi a kote te gen yon manifestasyon, moun yo te pran lari ankò pou mande liberasyon matinès ak pou gouvènman Mateli-Lamòt-la kanpe sou plan devlopman sa a –kote selon sa moun Îlavach fè konnen, – manifestan yo fè konnen ke Majistra Frits Seza akonpaye de B.I.M ta debake sou yo, – anpil kout-baton, tire, tou sa, – gen moun ki menm arive pran-bal, selon enfòmasyon yo, – gen yon sèten Adriyen Jisten, Jenèl Jisten – moun sa yo ta arive pran bal. e nap gen pou n konfime sa avèk youn nan manm KOPI yo.

-Ebyen kòm nou te di w – nou pra l fè w tande kouman sa te ye, pase, – kòman reyaksyon yo te ye. –Noumenm nan  stidyo-radyo-vwa-klodi-mizo se pa jwèt -apèl nou te resevwa, ki sot anndan zîle-a pou enfòme nou de sitiyasyon sa. –Nan premyeman nap koute plizyè abitan sou zîle-a yomenm yap di kòman sitiyasyon an ye.

-N envite w viv kouman sa te ye.

A few Hugues Girard Ilavach videos uploads on the expulsion of tens of thousand of Haitians from their offshore Island homes to make way for Northern tourists

***
Share and circulate these Hugues Girard videos to give voice to the people of Ile-a-Vache.  (At the
Ile-a-Vache, 27 fevrier 2014” Youtube video,  Hugues Girard reports that he’s been threatened directly -“menase” -by the Haiti justice Minister, Jean Renel Sanon for his human rights activism on the internet on behalf of the voiceless Ilavach protestors). Gaye ènfomasyon sa yo. Gaye toupatou.

Ile-a-Vache, 27 fevrier 2014

***

Ile-a-Vache, 26 fevrier 2014

***

Ile-a-Vache, 22 fevrier 2014

***

Ilavach 17 fevriye 2014

***

Ilavach, 14 fevriye 2014

***
Support the Ezili Network, give voice to the voiceless
***

-Medam Mesye.
Pou le moman depi Vandredi aprè arestasyon militan Matinès lami, – polilasyon-an pa deside rete lakay-yo yo deside rete sou beton an jiska liberasyon konfrè-a yo arete abitrèman-ilegal. –Donk maten-an yo ta pra l tande li nan pakè de pòtoprens, – Yo pa menm tande l, y’ale dirèkteman nan penitansye avè l. Popilasyon  an anba tout lapli, depi maten lapli[ fèmen?], popilasyon an sou beton an ap manifeste, – Vwala ke se Majistra Frits ki alatèt moun-B.I.M-yo anndan, majistra a konvèti tèt-li an B.I.M, –  Donk pou ap lonje dwèt sou militan  pou B.I.M arete. –Aktyèlman la a se pa de [2] katouch ke nèg B.I.M yo ap fè anlè, -donk moun yo se kouri yap kouri monte desann. –Donk  mwen twouve ke se [absin?], paske si yon popilasyon gen yon dwa yo [vle] defann [?], mwen pa kwè se Majistra Frits ki ta pran tèt  yon kòdwon lapolis pou ap lonje dwèt pou arete, donk moun yo ap defann yon [?????] –Donk map mete opinion nasyonal, depatmantal, entènasyonal okouran de sa kap pase Îlavach-la. – Donk nou di, sa kap pase-a inakseptab, nou pap aksepte l e nou fenk kare manifeste. –Nou rete si-e-sèten viktwa final-la se pou pèp-la.

Nap mande popilasyon Îlavach-la se pou yo soude youn-avèk-lòt, – pèp se rasin san bout, – batay-la li fèk kòmanse. –Menmsi Matinès nan prizon, nap batay, -menmsi yo pran lòt militan, -nap kontinye-batay jiskaske nou geyen viktwa.

Q- Men, alo pou kounye a, èske moun yo nan lari, -nan Îlavach?

R- Jiskaprezan popilasyon an nan lari,- yo kraze manifestasyon an, – anba lapli moun yo ankò ap regwoupe pou yo kontinye manifeste.

Q-Se ki yès ki kraze manifestasyon-an?

R- Se Majistra Frits ki alatèt B.I.M yo, kap lonje-dwèt sou manm KOPI yo, yo arete anndan manifestasyon an,- e nèg B.I.M yo se pa de [2] rafal katouch yo fè dèyè manifestan-yo anlè ou a wotè-dòm.

Q-Men nan ki zòn sa pase?

R-Nan zòn madam-Bèna  nan zòn [madam] nan santrevil-la pandan yo rive sou plas-la, yo tap pran direksyon pou yo monte, pou yal pase devan lameri pou yal bay-yon mesaj, -vwala se Majistra Frits ki anndan [polaris-la?] ansanm ak nèg B.I.M yo kap lonje-dwèt sou militan yo pou arete, -donk se pa de [2] rafal katouch nèg B.I.M yo pa fè dèyè moun yo.

Ou sou katrevensèz pwen sèt èfèm [96.7 FM] radyo vwa klodi mizo, – Yon lòt kominikasyon, pou yon lòt sosyete. -Nou g’on lòt abitan, -yon lòt oditè ki sou ling-nan limenm lap di kòman li te viv, kòman lap viv sitiyasyon sa a.

Q– Alo?

R- Jounen an se sèl VKM aktyèlman la a ki avèk moun Îlavach, ki akonpaye nou ,-Kòm yo toujou di “se lè w nan malè pou konn ki moun ki zanmi w”. –Aktyèlman nou ka di se sèl VKM nan depatman-Sid la kòm radyo, ki avèk popilasyon an. – Lòt stasyon-radyo-yo, yo sèlman la pou yo pase sa gouvè-ne-man an di, men yo pap pase sa pèp-la di. –Men nou felisite w pou sa. Eee, anpasan sa m ap di, depi Vandredi, nou g’on konba nap Mennen, -paske nou te gen pou nou chita avèk premye-minis-lan, e, minis-touris-la tou. –Kounye a, menm kote nap planifye a, paske mwenmenm, mwen s’on manm-platfòm, – paske yo te vin fè yon platfòm pou reprezante tout-Îlavach. –Pandan nou nan reyinyon yo tap planifye pou n al nan reyinyon-an, -Yo rele nou [di nou] ke yo arete Matilnès. – Epi nou vin di, ”enben rankont nan [pap] posib. ” -Menm kote a, pèp-la pran lari, yap mande liberasyon Matilnès, -epui, Samdi pèp-la pran lari, Dimanch yo poze, -Lendi, lè lendi a, yo pran lari SAN-VYOLANS, paske m kwè se sa lalwa di, ke konstitisyon-an di, ke nou ka manifeste san vyolans. –Menmjan mwa-pase nou te manifeste san vyolans. -Majistra Frits te monte radyo, li di ke nou boule [mògann?] nou boule [abakabe?], nou boule restoran, lè yo deplase B.I.M pou vin extèmine moun-Îlavach. -Lè B.I.M yo te rive , yo pat wè anyenk’-te kraze Îlavach, menm yon kout wòch pat tire. – Sa vle di kounye a, jodi a toujou, -nouvèl ki tonbe, yo pa menm tande Matilnès. -Yo pranl yal penitansye avèl. – Lè popilasyon an tande sa, yo repran lari-a toujou. –Kounye-a Majistra-Frits limenm li pran B.I.M yo, li vini devan manifestasyo-an lap lonje-dwèt pou arete moun ki nan manifestasyon yo, paske PM nan di konsa ke “s’on pakèt bandik’ gen Îlavach, s’on seri atoufè.” –Minis-touris la di “s’on pakèt pwazon kap anpwazone pèp-la.”

Kounye a Majistra Frits-limenm li fè tèt-li pase an B.I.M, Jodi a li vini devan manifestasyon an lap lonje-dwèt-li, epi B.I.M yo anvayi moun yo, -kouri dèyè moun yo, epi yo tire sou manifestasyon-an. – Menmenm map mande mezanmi, kote bagay sa a prale? Nan plen venteyinyèm syèk. –Dayè Îlavach se kotek’ te pi poze,-nan depatman-Sid pat konn gen manifestasyon, – moun yo pat abitye ak jan de bagay sa yo. –Te konn gen de[2] grenn polisye Îlavach, -Pat konn gen tout pwoblèm sa yo, tout moun tap viv anpè, –epi moun yo vin ak yon sèl chalè, -yo met tout moun yo sou tansyon, – epwi, pa gen yon sèl militan-politik ki kanpe pou ede-nou. Se sèlman Gabriyèl Fòtine ki konn f’on ti pale avèk [Ton-Egziyis?]

Pa gen depite, okontrè depite-a se menm [jan] li fè ak moun gouvè-ne-man yo, pou manje moun-Îlavach, -lage chèf pou bat moun-Îlavach, -Sa vle di, Mezanmi nap rele anmwe, menmsi yo tire sou nou, -nou pap rantre lakay-nou, jiskaske yo libere Matilnès, jiskaske yo arete sak’ mete n nan chalè-a. –Se pou n rele anmwe sou kont yo, -ti moun pa ka al lekòl.

-Jedi pase B.I.M sa yo antre nan lekòl kay-mè Îlavach-yo, -yo entimide lekòl-la nèt, -Majistra Frits ki mennen yo  nan lekòl-la ak gwo-zam fannfwa, vin fè reyinyon nan lakou lekòl kay-mè a. Ti moun yo pè, menm lekòl ti moun yo pa janm vini. –Depi lè sa a, ti moun yo pè yo paka vini, -yo di manman-yo “yo pa pwa’l lekòl, paske yo te wè chèf ak zam antre nan lakou lekòl la.”

Bagay sa yo pa ka fèt mezanmi. -Nou rele anmwe, moun Îlavach ap rele anmwe. Nou pakapab, nou pat abitye avèk bagay sa yo. Se pou gouvèneman an ale avèk pwojè l la, li mèt kite n nan labou-a. –Kite n n’a bwè -dlo-sòt-rete, – n’a met akwatab la dan yo. – Yo pa bezwen vin touye n avèk [ife?], yo mèt kite n jan n ye a. – E ok  VKM mèsi.

In Kreyòl – This is a very important interview to listen to Ayisyen!-Tande emisyon Vwa Klodi Mizo sa a, Ti Pèp la di: Ilavach pap vinn tounen yon lòt Labadee. Ayiti pa pou vann! Nou pa vle yon lòt Labadee an Ayiti!

Share, circulate, give voice to the terrorized Haitians

People of Haiti will NOT allow their offshore islands, including Ile A Vache, to become another Labadee where foreign tourists don’t even know they’re in Haiti and where Haitians are forbidden to enter much less benefit in any way from this foreign presence on their lands! The Haiti public does not even know where the monies paid for the Labadee tourist project goes to! *************************

E byen dakò, ok nou remèsye w. -Vwala mèdam mèsye, jan nou tap tande l la  se te abitan de apèl nap resevwa nan stidyo radyo-vwa-klodi mizo pou explike kouman sitiyasyon an ye o-nivo Îlavach, maten an, kòm enfòmasyon an tonbe jan moun yo di l la, yo te gen pou yo tande vis-prezidan KOPI-a ki se Matinès, -ebyen, jan manm KOPI a te di sa oparavan avèk oditè sa a ki ta pale a, yo pa menm tande Matinès, -yo voye li nan penitansye.

Nap kontinye fè w swiv kouman sa te ye, jounen Madi vennsenk [25] Fevriye Demilkatòz [2014] la nan Îlavach swit a manifestasyon popilasyon an tap fè pou mande liberasyon vis-prezidan KOPI a Matinès. Ebyen popilasyon an ta gen lòt enfòmasyon ki tonbe nan zòrèy-li. –Selon enfòmasyon yo, yo pa menm tande Matinès, -yo voye li nan penitansye.

Bagay sa a te fè popilasyon an sichofe, Ebyen jan n tande nouvèl-la, genyen Majistra Frits avèk plizyè polisye B.I.M kraze yon manifestasyon jounen  Madi vennsenk [25] Fevriye Demilkatòz [2014] la. –Nap kontinye tande reyaksyon popilasyon an.

Q- Alo, -Se kòman sa ye onivo Îlavach pou kounye a?

R- Bon, jodi a sitiyasyon an grav, vrèman gravman-grav, m’panse moun-Îlavach retwouve yo nan ki sitiyasyon yo ye, Jodi a. E lè nou tap mobilize, nou tap pale moun yo kòman bagay la ye, yo pat ko kwè, -jodi a m panse yo kwè. -Jodi a pami nou nan manifestasyon an, nou gen moun ki pran katouch, -nou gen moun ki pran kou, -nou gen moun [ ke yo]- arete [ki] pou nou. Majistra a kontinye ak menl , majistra antre nan foul la ak menl lap fouye men pran moun, lap bay lapolis “men moun pou yo arete” anndan foul-la. E Jodi a, nap lanse yon mesaj-klè a popilasyon Îlavach-la, “jwèt-la pou yo, jwèt-la pou yo, -e m panse yo konprann sak fèt-la, Jodi a si majistra a ka ap foure men ak menl pou l arete moun, sèke, li gen yon pwoblèm ak moun Îlavach. Se pa san rezon nèg yo vle vann vil la sou nou vre.” Sa vle di se jis pou yo pwouve nou, noumenm [nan] Îlavach, yo vle retire nou nan Zîle a. -Majistra a avèk tout akolit li yo, menm jan an majistra a ak depite Fenèl fè tout sa l konnen, -yarete Matinès, jwenn avèk [lamòt ak palmi?] yarete Matinès. –Ala minit kote m ap pal’avèk ou la a, yo pa menm tande Matinès devan jij-natirèl li, yo dirèkteman ale nan penitansye-nasyonal avèl. –Noumenm moun Îlavach n’ap mobilize, nou pap lage, nap kenbe rèd, jiskaske batay-la fini. [kominikasyon an koupe bridsoukou]

[Kounye a se yon lòt abitan-[sitwayen] ki sou liy-lan…]

Q-Alo kòman sa ye?

R- Wi, kòman sa ye [pou ou tou]? Akoz kòlèg-nou, manm konbit-la ki arete depi Vandredi, yo te dwe tande l yè, -ki pa tande, -maten an, yo desann avèl pakè pou yo tande l, yo pa tande l. –Epui sou lòd gouvèneman an, polisye parèy-li-yo ki bliye yo se pitit sòyèt menmjan avèk nou, yo chire rad sou li, yo rive menm tire l kou, pou al penitansye avè l. –Lè pèp-la te resevwa nouvèl-la li te deside pran lari a pou di “non yo pa dakò avèk sòt dabi, ak jan otorite-yo ap entèveni abitrèman oprè de kòlèg yo.” -Epui sak’ pi dwòl la, menm Majistra “Fritz Sezard” bliye si se moun lòt bò a li ye, lap fè tyoul gouvènman sa a, -ebyen li ale avèk men-li dekonsè avèk B.I.M ki lòt bò a pou arete manifestan yo, kraze manifestasyon an, fè represyon sou moun yo. –Donk m’ap mande òganizasyon dwa de-lòm yo, map mande chak lòt òganizasyon kèlkeswa kote abi a ye, ki ap entèveni, -pou pa kwazwe bra yo, -pa mete dlo nan bouch-yo nan sitiyasyon an, pase g’on pwovèb ki di, “Lè poul pase l wè yap plimen kodenn li mete plim pal alatranp.” –Pase bagay-la li pap piti, lè l fini ak Îlavach, yap avanse sou Okay. –N’ap mande tout moun ki konsyan de sitiyasyon an, pou yomenm tou, yo pale. –M’ap mande tou, pou otorite-politik yo, sòti nan silans yo, – E pa sèl lè eleksyon pou yo bezwen pèp Îlavach-la. M’wè gen yon sitiyasyon kap devlope, yap tann ki lè pèp Îlavach-la ozabwa, -ya vin simen grenn-diri,-vin bay vye kawòt, pou yo ka mande nou vote yo. –Pèp-Îlavach la plis bezwen yon soutyen nan moman an pou pèmèt yo rete kote yo ye a, pou yo viv byen alèz, ya fè mayi, pitimi, manyòk, -ya peche pwason pou yo viv, olye yo vin pote grenn [zawòt?] ba yo. N’ap mande senatè  yo, ki konn vin mande pèp-la vòt yo, pou yo soti nan silans yo, -e pat pou sa pèp-la te vote yo tou. Mèsi!

Q- Alo, wi yo pale de moun ki blese, se konbyen moun? Se ki moun ki blese nan manifestasyon an?

R- Bon mwenmenm m’se youn nan manm komite konbit-la, yo te siyale pou arete, -lè reprezay-la m’te oblije a kouvè, -e jiskaprezan m’te gen pou m te avanse pou m te gen not-sa a, m’poko gen not-la. -Se youn nan manm yo ki te kouri vin jwenn mwen ki explike m kòman bagay la ye. -Mwen a kouvè, paske otorite lokal yo di “B.I.M yo deside arete m.” M’pa ko gen nòt la nan menm, pou m konn konbyen moun ki blese, kòman sa ye.

Ebyen ok nou remèsye w

-Dakò.

-Dakò.

Oditè [sitwayen] kominikasyon te koupe bridsoukou a retounen sou liy nan.

Q-Alo, kòman sa ye? Yo di m nan manifestasyon an gen moun ki takab pran bal, ou kapab konfime nou sa?

R- Wi egzateman, popilasyon an li te pran lari anba lapli, -kote lap manifeste youn nan kanmarad nou yo ki nan prizon, nan penitansye-nasyonal, -donk, Majistra Frits ansanm avèk B.I.M yo, -donk yo bare popilasyon an, yo bare l anba, -yo tire plizyè katouch sou nou.  -Nou geyen kanmarad nou ki blese, -genyen youn yo apreyande aktyèlman li nan komisarya a.

Q- Se ki yès? Se kòmanl rele? Sa yapreyande, sa yo pran an?

R- Yo rele-li kanozo, menm pa konnen vrè non an, -se kanozo, -se non yo ba li.

Q- E non moun ki blese a?

R- Nou genyen Jenèl, donk ki blese, nou gen lòt ankò ki blese, men nou pa arive [idantifye yo?]

Q- Pa bal yo blese?

R- Moun sa m di w la la a, -“Jenèl” li blese.

Q- Pa bal li blese?

R- Li blese nan tèt, men ta sanble se rafle yo rafle li, -donk li blese, li blese, -donk popilasyon an fristre, -donk vwala kòman gouvènman Mateli-Lamòt la ap maspinen popilasyon Îlavach-la, pou tè, depui plis pase desanzan [200zan] popilasyon an abite ladanl, ki fè Jodi a, se sa ke lap vin bannou. –Donk nou pap pranl nan menl. -Fwa sa a nou pral pase a yon lòt opsyon, paske nou pa kapab ankò. -Donk se pou tout, m’ta di, “òganizasyon kap defann dwa-moun,” fòk yo entèvni nan Îlavach, paske, sa a enposib, nou pa ka tolere l ankò. –Donk, Frits, lonje-dwèt sou nou, li di “men moun pou yo arete.” –Donk la a “Fritz” depi Jodi a, li mèt bay teren an, -bay tèren an, pase nou pa asepte l Îlavach ankò. –A chak fwa nou wè l, -donk sa ap deranje nou, -Li dwe ale, li dwe ale apati de Jodi a, -donk li dwe ale. -Demen-siDjevle, li pa gen dwa nan tèt Meri a ankò.

-Yon lòt abitan [Sitwayen]

Q- Èske w kapab explike n kòman sitiyasyon an ye sou Zîle a?

R- Yo te arete kanmarad Matilnès Lami an ki se vis-prezidan konbit-peyizan Îlavach lan yo te mete li nan prizon san oken motif, e sèt fwa-si maten an….”

Tande rès la sou https://soundcloud.com/radiovkm/emisyon-goute-sel-25-fevriye

Frantz Louis
Franns Lwi

 

 *

Mwenmenm Franns Lwi, HLLN, responsab tout fot ak tout erè ki komèt nan ekriti sa a.

[Ti travay mawon yo pou Ayiti]

 

Advertisements

Leave a Reply

Please log in using one of these methods to post your comment:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s